HitParad
Melo – Vakans sa
Трек

Melo – Vakans sa

О треке:
Длительность: 03:14Формат: MP3Качество: 192 kb/sРазмер: 4.4 MB
Текст песни
Mwen vle ouvè je m
Men m pa vle leve
San ou bò kote m
Poko vle w ale

Li twò bonè pou nou separe
Sa k fè m pi pè
Se pou m ta bliye reyon solèy la nan syèl la
Avèk nou k ap briye nan dlo rivyè a, lanmè a
Sou po nou ki plonje n'on vag lanmou
Ki vin pote n ale chak tan l fè jou
Pou jouk solèy kouche

Pa vle w bliye vakans sa
Vakans sa, vakans sa
Pa vle m bliye vakans sa, vakans sa

Apèn komanse
Men vakans yo gen tan fini
Fèk ap pwofite
Men se domaj jou yo kouri

L gen tan fè lè
Pou nou separe
Lekòl ouvè
Men m pa vle w bliye reyon solèy la nan syèl la
Avèk nou k ap briye nan dlo rivyè a, lanmè a
Sou po nou ki plonje n'on vag lanmou
Ki vin pote n ale chak tan l fè jou
Pou jouk solèy kouche

M pa vle w bliye vakans sa
Vakans sa, vakans sa
M pa vle bliye vakans sa, vakans sa

Pa vle w bliye jan n te konn jwe
Marèl, domino, kat, oslè, kòd, lago
Mwen vle w sonje jan n te konn ye lè n t ap chante
Lè n t ap danse sou reyon solèy la nan syèl la
Avèk nou k ap briye nan dlo rivyè a, lanmè a
Sou po nou ki plonje n'on vag lanmou
Ki vin pote n ale chak tan l fè jou
Pou jouk solèy kouche

M pa vle w bliye vakans sa
Vakans sa, vakans sa
M pa vle bliye vakans sa, vankans sa

Mwen vle ouvè je m
Men m pa vle leve
San ou bò kote m
Треки исполнителя
Похожие треки